Like us on our Facebook Page to get the latest updates and promotions!

Facebook ZoutiKreyol

Enskri nan YOUTUBE  Chanèl nou an e gade dènye videyo nou genyen yo!

Youtube Zoutikreyol

Ann Selebre Jounen Kreyòl la!

Mizik e tèks Jean-Pierre Leroy

Plis

Karo kache

pa gen kado ;-(

Kontinye chèche

Samdi 30 Oktòb

3:00 pm

Plis

Selebrasyon 2021

Zanmi toupatou,

Komite pou Avansman Lang Kreyòl la (KOMALAK) pran plezi pou envite ou nan selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl, Edisyon 2021 an. 
 
Akòz kontrent pandemi Koronaviris la okazyone, ane sa a ankò tout aktivite selebrasyon an ap dewoule atravè Zoom, nan dat 30 ak 31 oktòb 2021 an.  N ap ouvè selebrasyon an samdi 30 oktòb la twa zè (3:00PM) nan apremidi avèk diferan prezantasyon pou souliyen valè lang ak kilti kreyòl la.  Nan dimanch 31 oktòb la, a setè diswa (7:00PM), n ap boukle selebrasyon an ak yon bèl sware kiltirèl.

KOMALAK remèsye w alavans pou patisipasyon w avèk nou nan selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl, Edisyon 2021 an.

Salitasyon ak respè,

Fred Williams, PhD
Kowòdonatè Jeneral KOMALAK

Ou vle salye ekip la?

Ou ka toujou kontakte nou pa imel

enfo@zoutikreyol.com

N ap tann ou ekri nou

Ann fè wout la ansanm! Ankouraje!

enfo@zoutikreyol.com